Pwojè Tradiksyon pou Refijye yo

Pwojè Tradiksyon pou Refijye yo ofri sipo tradiksyon gratis pou refijye yo ki ap chèche azil ak lòt èd nan sistèm imigrasyon nan zòn New York ak lòt kote. Nou ofri tradiksyon rapid, pwofesyonèl de deklarasyon pèsonèl, dokiman idantite, dosye tribinal, ak lòt prèv ki nesè pou genyen ka azil ak relokasyon. RTP ofri tou entèpretasyon an pèsòn nan lang Chinwa nan zòn metwopolitèn NY, men tou entèpretasyon a distans.

Moun ki bezwen sèvis nou yo ka kontakte nou dirèkteman pa imèl pou resevwa sèvis nou yo gratis e gen aksè nan yon rezo entegre pou referans ki diy de konfyans si moun sa a bezwen plis sèvis legal oswa sosyal. RTP pa ofri sèvis legal. Nou renmen anplwaye refijye yo tou kòm tradiktè.